HaitianCreole

Pou jwenn asistans tradiksyon gratis, rele 888.737.0259. Peze 2 pou jwenn asistans an Espanyòl. Peze 3 pou jwenn asistans nan tout lòt lang yo.

Sèvis Lang

Silvouplè vizyalize, enprime, epi pataje depliyan sa ki pale sou Sèvis Lang. sèvis Lang.
Fich Enfòmasyon Sèvis Lang lan disponib tou nan lang sa yo ki pa Anglè.

  1. Arab
  2. Chinwa (Mandaren)
  3. Fransè
  4. Kreyòl Ayisyen
  5. Hindi
  6. Hmong
  7. Koreyen
  8. Ris
  9. Espanyòl
  10. Vyetnam

Entèpretasyon ak tradiksyon:

Entèpretasyon se pale epi tradiksyon se ekri. Ajans nou an founi yon entèprèt pou nenpòt lang. Sèvis sa founi an premye pa telefòn. Ajans lan tradwi tou dokiman enpòtan ki seleksyone nan yon lang espesifik. Dokiman yo ak lang yo tradwi ladan l lan idantifye nan Plan Aksè pou Lang lan.

Kisa ki yon dokiman vital?

Asistans Aksè pou Lang Depatman Jistis Etazini an deklare, ‘’dokiman vital ekri yo genyen ladan, men yo pa limite sèlman ak sa yo: Fòmilè konsantman ak plent; Avi ekri konsènan dwa; Avi refi, pèt, oswa diminisyon nan alokasyon oswa sèvis yo; Avi konsènan aksyon yo; Siy; epi Avi ki enfòme moun LEP yo konsènan sèvis asistans lang gratis yo.’’

Chèche fòm yo

Nan ki lang ajans yo pral tradwi dokiman vital yo?

Nan moman sa, Espanyòl, Chinwa tradisyonèl (Mandaren), ak Fransè, ki se kat lang eksèpte Anglè ki pi komen nan eta a. Sa baze sou enfòmasyon ankèt Etazini an epi kapab chanje ak tan an. Nou chwazi tradwi lòt dokiman tou nan lòt lang an fonksyon eksperyans ak lòt egzijans federal yo.

Kisa k ap rive si yon moun pa resevwa asistans lang ki apwopriye?

Sila yo ki santi nou pa te founi sèvis entèpretasyon ki apwopriye, nou te refize yo aksè pou yon dokiman tradwi ki disponib, kapab soumèt fòmilè plent yo pou bay nou enfòmasyon an.

Ak kisa Postè a sanble?

Men yon kopi konsènan Postè Dwa ou Genyen pou Entèprèt la. Li ta dwe afiche ak gran lèt nan chak biwo ki ouvri pou piblik la. Si ou pa wè yonn, silvouplè mande kote l ye.

Ki lòt bagay k ap fèt?

Nou te devlope dokiman ki inifòm pou ede moun idantifye sèvis ki disponib yo. Postè, avi, ak fòmilè plent yo tout se menm bagay, pou moun yo kapab idantifye byen fasil epi rekonèt yo.

Kisa mwen ta dwe espere si mwen vizite Divizyon Sekirite Travay ak Divizyon Solisyon Travay Depatman Komès la?

Ou genyen dwa pou resevwa kèk sèvis nan lang ou prefere a. Sèvis Entèpretasyon yo founi gratis. Sa enkli Sant Karyè Divizyon Solisyon Travay la. Yon postè ta dwe afiche nan biwo sa a ki rele Dwa ou Genyen Pou yon Entèprèt, epi ki di, nan plis pase trant lang, “Endike lang ou an. Yo pral rele yon entèprèt pou ou. Entèprèt la ap founi gratis”

Konsènan Google Tradiksyon 

Sit Entènèt Divizyon Solisyon Travay ak Divizyon Sekirite Travay Depatman Komès Kawolin Dinò a ap founi opsyon “Google Tradiksyon” pou ede w li sitèt entènèt Depatman an nan lòt lang ki pa Anglè. Google Tradiksyon pa kapab tradwi tout kalite dokiman yo, epi pa kapab founi yon tradiksyon ki kòrèk. Tout moun ki repoze sou enfòmasyon ki te jwenn nan Google tradiksyon fè sa sou ris li. Ajans lan pa fè okenn pwomès, asirans, oswa garanti presizyon tradiksyon ki te founi an. Ajans lan, rèsponsab yo, anplwaye yo, ak/oswa ajan yo p ap rèsponsab domaj oswa pèt de nenpòt sa ki rive, oswa an koneksyon ak sa, itilizasyon oswa kalite enfòmasyon sa yo, enkli men pa limite ak, domaj oswa pèt ki te koz pandan w te repoze sou kalite yon enfòmasyon konsa, oswa domaj ki rive nan gade, distribiye, oswa kopye materyèl sa yo.